Zafè espò ak Covid-19 an Ayiti.

Ofisyèlman Ministè Sante Piblik (MSPP) deklare gen yon moun ki mouri akòz epidemi COVID 19 la nan peyi Dayiti. Dapre enfòmasyon k ap sikile, se ta yon avoka, pwòch pouvwa, ki t ap travay nan kabinè Minis Jistis la. Fòk nou di tou ta sanble gen bri k ap kouri kòmkwa se pa pandemi an ki touye avoka.

Sòti 19 mas pou rive 5 avril 2020, gen 21 ka yo jwenn ofisyèlman. Ak tout lòt kalkil yo sa ta fè kwè gen plis moun toujou. Yon rezon anplis pou Leta Ayisyen deplwaye tout resous li pou mete bon jan estrikti kanpe pou konbat maladi a.

Nan anpil lòt peyi, Gouvènman yo konstwi lopital, fè kanpay pou mete moun ki Malad. Yo rekizisyone espas piblik, lekòl oswa legliz ak enfrastrikti espòtif tankou jimnazyòm yo elatriye.

Dapre enfòmasyon bon sous, gouvènman Ayisyen an te pwoche Federasyon Foutbòl la pou ranch Kwadèboukè a. Reskonsab yo nan Federasyon an pa dakò paske gen jenn atlèt ki fèmen anndan. Ta sanble tou yo ta gen lide itilize Sant Espòtif Kafou, sant olenmpik la ak lòt espas nan peyi a.

Sektè espò a nan peyi Dayiti dwe kale je li. Espas ki disponib pou fè espò pa anpil. Pwoblèm ki gen nan sa ankò, manke sansiblizasyon nan kominote yo pou konprann maladi a, epi fè popilasyon an sispann estigmatize moun. Itilize espas espò nou genyen yo ka lakòz kraze brize si otorite yo pa pran reskonsablite yo.

Kowonaviris la se zafè nou tout. Dwe gen bon dyalòg ki fèt ant otorite yo ak popilasyon an pou pa gen plis viktim. Nou konsyan ke pwoblèm sa konsène tout sektè men eske Leta byen jwe wòl li nan zafè sansibilize ak enfòme pèp la nan ka sila a nou konsyan de ki danje sa ka pote pou nou nan nivo materyèl ak enfrastrikti ki pa menm ase.


DEXISTE jude Erson Kendy
J.sportif